Cover of FC Leadership Podcast Kreyòl

FC Leadership Podcast Kreyòl

FC Leadership Podcast Kreyòl

By: Fadler Celestin
Listen for free

Season's Savings | 0.99 €/month for 3 months

5.99 €/month thereafter - terms apply. Cancel monthly.
Byenvini nan FC Leadership Podcast Kreyòl. Yon espas refleksyon, lidèchip, biznis, finans, lafwa ak devlopman pèsonèl pou ede w sòti nan konfizyon epi antre nan klète. Chak epizòd pote lide, eksperyans ak konvèsasyon pou ede w panse pi byen, pran pi bon desizyon epi viv avèk plis enpak.Fadler Celestin Economics
Episodes
  • Sispann tann yon sovè… Ou se premye moun ki dwe sove lavi w
    9 Aug 2026

    Èske w ap tann yon moun oswa yon sitiyasyon chanje anvan lavi w ka chanje?

    Nan epizòd 009 FC Leadership Podcast Kreyòl la, Fadler Célestin envite w fè yon refleksyon ki ka chanje fason ou wè lavi w:

    Ou pa kapab kontwole tout sa k rive w, men ou kapab pran responsablite pou sa w ap fè apre.

    Pran responsablite pa vle di blame tèt ou pou tout bagay. Sa vle di rekonèt pouvwa ou genyen sou desizyon, tan, aksyon ak direksyon ou.

    Nan epizòd sa a, nou pale sou:

    • Responsablite pèsonèl
    • Kijan pou w sispann tann lòt moun
    • Kijan pou w konsantre sou sa ou kapab kontwole
    • Responsablite pou tan ak finans ou
    • Devlopman pèsonèl ak lidèchip
    • Kijan pou w transfòme desizyon an aksyon

    🎯 Kesyon coaching epizòd la:

    Kisa mwen pa kapab kontwole?
    Kisa mwen kapab kontwole?
    E kisa mwen pral fè jodi a?

    Pa tann tout bagay chanje pou w kòmanse.

    Chanjman an ka kòmanse ak pwochen desizyon ou.

    🌐 FC Leadership Podcast Kreyòl
    fadlercelestin.com

    🌍 Clarté 24h™
    centre.fcelestin.com

    🎙️ Abòne ak podcast la epi pataje epizòd sa a ak yon moun ki bezwen reprann direksyon lavi li.

    Sòti nan konfizyon. Antre nan klète.

    Show more Show less
    12 min
  • 🎙️ ÉPISÒD 008 | Ou pè kòmanse? Se opinyon moun k ap bloke w!
    1 Aug 2026

    Konbyen fwa ou te vle kòmanse yon pwojè, lanse yon biznis, fè yon videyo oswa swiv rèv ou... men ou te sispann paske ou te pè sa moun t ap di?

    Verite a se sa:

    Pi gwo prizon anpil moun ap viv ladan l se opinyon lòt moun.

    Nan epizòd sa a, nou pale sou kijan pou w kraze chenn sa a epi reprann libète w pou viv misyon Bondye mete sou lavi w.

    ✅ Poukisa anpil moun pa kòmanse, menm lè yo gen kapasite.
    ✅ Kijan opinyon moun kapab detounen w de misyon w.
    ✅ 5 verite ki pral ede w reprann konfyans ou.
    ✅ Kesyon coaching ki pral fè w pase nan aksyon.
    ✅ Kijan pou w viv selon misyon w, olye w viv pou fè moun plezi.

    "Jou ou sispann viv pou opinyon moun, se jou ou kòmanse viv vrèman."

    🌐 Sit entènèt ofisyèl FC Leadership Podcast Kreyòl
    https://fadlercelestin.com

    🌍 Clarté 24h™ – Dirije pa Lespri
    https://centre.fcelestin.com

    📺 Abòne ak chèn YouTube nou an
    https://www.youtube.com/@FCLeadershipPodcastKreyol

    Nan epizòd sa a, ou pral dekouvri:b

    Show more Show less
    10 min
  • Épisode 007 | Ki moun ou pral tounen nan 5 ane?
    25 Jul 2026

    out gwo chanjman kòmanse ak yon desizyon.

    Nan epizòd sa a, Fadler Célestin envite w reflechi sou yon kestyon ki kapab chanje lavi w:

    Ki moun ou vle tounen nan 5 ane?

    Plis pase objektif oswa rèv, se moun ou deside vin ye a ki pral detèmine rezilta w yo.

    Ou pral aprann:

    • Poukisa idantite w pi enpòtan pase sa ou posede.
    • Kijan abitid ou yo ap konstwi avni w chak jou.
    • 5 kestyon coaching pou ede w jwenn plis klète.
    • Kijan pou w pran desizyon ki pral chanje direksyon lavi w.
    • Poukisa avni w kòmanse ak aksyon ou pran jodi a.

    Podcast sa a fèt pou tout moun ki vle grandi nan lidèchip, biznis, lafwa, finans ak devlopman pèsonèl.

    🌐 Sit entènèt ofisyèl:
    https://fadlercelestin.com

    🌍 Clarté 24h™:
    https://centre.fcelestin.com

    Abòne ak FC Leadership Podcast Kreyòl pou resevwa yon nouvo epizòd chak semèn epi kontinye grandi ansanm.

    Sòti nan konfizyon. Antre nan klète.

    Show more Show less
    11 min
adbl_web_anon_alc_button_suppression_t1
No reviews yet